Community Health Worker Trainee Estajyè Travayè Sante Kominotè
TOUCHE LAJAN PANDAN W AP APRANN!
$20/èdtan plis avantaj pou vin yon Travayè Sante Kominotè nan 9 mwa (Out 2025 – Me 2026)
Kote a: Moun ki aplike yo dwe ap viv nan Minnesota epi yo dwe disponib pou travay omojèn(travay lakay, ak travay nan kay pasyan ak nan kominote a)
N ap chèche Moun Responsab ki Fèk Antre nan Etazini ak nan Minnesota epi ki enterese vin Travayè Sante Kominotè (CHW). Si ou gen pasyon pou sèvi kominote ou epi sui ou enterese pran klas sou entènèt pou vin gen sètifika ou kòm Travayè Sante Kominotè, aplike pou avanse karyè ou nan konpayi tounèf nou an.
Nou sitou enterese nan idantifye Estajyè Travayè Sante Kominotè nan peyi ki endike anba yo ki pale lang sa yo:
- Peyi Kiba, Ayiti, Somali
- Lang: Kreyòl, Panyòl, Somali
Moun ki fèk antre nan Minnesota/Etazini ki reprezante lòt peyi, lang ak kilti kapab aplike tou san pwoblèm.
Nou ankouraje moun ki nan Konte Stearns ak Konte Todd, ak nan lòt konte Metwopoliten Minnesota (deyò zòn metwopoliten 7 konte Anoka, Carver, Dakota, Hennepin Ramsey, Scott ak Washington) pou yo aplike toutbon.
Gen twa pozisyon ki disponib pou Estajyè Travayè Sante Kominotè pou moun ki fèk vini.
Anba yon kontra avèk Depatman Sèvis Sosyal Minnesota – Biwo Pwogram Re-Ensèsyon(DHS-RPO), CHW Solutions bay sèvis Travayè Sante Kominotè pou refijye yo ak lòt moun ki fèk vini nan Minnesota anba pwoteksyon imanitè. N ap anboche twa Estajyè CHW pou antre nan ekip CHW moun ki fèk antre. Anplis bay sèvis dirèk avèk vizit nan kay, Estajyè CHW yo pral pran klas sou entènèt epi y ap patisipe nan yon estaj pou yo vin gen sètifika Travayè Sante Kominotè Minnesota. Estajyè CHW yo pral pase apeprè 50% tan yo ap bay sèvis dirèk CHW ak 50% tan yo nan klas/fòmasyon.
Nou pral bay klas CHW yo avèk youn nan kolèj oswa inivèsite Minnesota k ap bay klas yo. Gen bousdetid konplè ki disponib pou Estajyè CHW ki nan CHW Solutions.
CHW Solutions se yon premye endistri nan distribisyon sèvis Travayè Sante Kominotè (CHW), pou amelyore rezilta sante epi pou diminye diferans yo nan sante. Filozofi nou ap pote swen CHW estanda dore pou pasyan yo, avèk konpasyon, epi ki reyalize avèk yon mendèv divès. Nou konsantre sou fason pou kore ekip CHW nou yo. Pou fè sa nou bay yo yon salè ak yon gwoup avantaj konpetitif, aksè regilye nan Direktè Medikal nou ak monitè sante Enfimyè Sante Piblik, zouti pou swen pèsonèl, ak eksperyans pratik. Anvizaje antre nan ekip CHW nou an ki eksitan epi k ap grandi jodi a!
Aplikan yo dwe motive anpil-anpil, yo dwe gen ladrès ekselan nan domèn kominikasyon, yo dwe kapab travay poukont yo epi yo dwe kapab kreye ak antreteni relasyon pozitif avèk ekip CHW nou an pasyan yo, direksyon an, komite dirijan yo, ak patnè nou yo.
Pozisyon Estajyè CHW se travay atanplen (32-40 èdtan pa semèn) epi y ap jwe yon wòl prensipal nan aplike vizyon konpayi nou pou sèvis CHW. Aplikan yo ta dwe alèz avèk yon nivo siperyè responsablite epi yo ta dwe gen enèji lè y ap sèvi kominote divès yo ak lè yo se yon pati nan agrandisman konpayi nou.
Pozisyon sa a pral travay deprè avèk Direktè Sèvis CHW ak CHW Siperyè, Pratik pou reyalize rezilta dezire yo.
Responsablite yo:
Men kèk nan responsablite kle pou wòl la:
- Patisipasyon nan klas pou vin gen yon Sètifika Travayè Sante Kominotè epi fè tout asiyasyon ak satisfè kondisyon estaj la pou yo vin gen yon sètifika CHW Minnesota.
- Mete anplas ak antreteni yon kalandriye vizit nan kay fas-a-fas (ak vizit tele-sante jan li nesesè) avèk popilasyon pasyan nou chwazi.
- Bay sèvis dirèk eko Travayè Sante Kominotè nan kominote a nan kote ou konnen byen epi pou alèz pou pasyan yo, oswa vizit tele-sante (jan li nesesè). sèvis NOU yo pral genyen edikasyon sou sante, devlopman ladrès pou oto-jesyon, ak koneksyon nan resous kominotè, swen sante prensipal, sipò finansye ak sipò sosyal, elatriye.).
- Ede pasyan yo ak fanmi pasyan yo fè rechèch nan sistèm yo ak nan teknoloji pou yo kapab jwenn sèvis ak resous nesesè yo.
- Bay sèvis yo nan yon mannyè ki montre diyite ak respè ki bay pasyan yo endepandans sou pwòp sante yo epi fè rechèch yon fason konfidan nan sistèm enpòtan yo, nan pwogram yo ak nan resous kominotè yo.
- Idantifye kòz prensipal baryè ak difikilte pasyan yo epi itilize kreyativite ak kolaborasyon pou rezoud pwoblèm yo lè li nesesè.
- Rasanblaj alè ak egzat dokiman ak done enpòtan pou objektif faktirasyon, swiv pèfòmans epi idantifye mankman yo nan swen an.
- Patisipasyon aktif nan rasanbleman/reyinyon ekip la, fòmasyon yo, sesyon antrènman sou sante, ak lòt reyinyon patnè yo sou demann.
Kondisyon yo:
- Diplòm oswa GED lekòl segondè Etazini (oswa demontre ekivalan lòt peyi)
- Konpetans nan lang Anglè ki ase pou pase tès Duolingo (eskò 85 oswa pi wo)
- Kapasite pou fè vizit nan kay
- Volonte pou patisipe nan tchèk dosye kriminèl ak kapasite pou satisfè kritè travay CHW Solutions
- Ladrès ekselan pou kominike avèk pasyan yo, kamarad travay, ak patnè yo
- Kapasite pou itilize teknoloji pou fè rechèch, konekte kliyan yo avèk resous yo fè vizit vityèl epi anrejistre rapò klinik ak aktivite administratif yo.
- Kondisyon fizik yo ka mande pou eskalade, balanse, bese, lonje men pou pran yon bagay, kanpe, mache, ponyen, pale, mache, koute epi wè. Wòl la ka mande tou pou ou vizite pasyan yo nan anviwònman ki pa gen aksè fasil pou moun andikape.
- Kapasite pou reyalize objektif operasyonèl ak objektif pèfòmans sou yon baz konsistan.
Kalifikasyon nou Pito yo:
- Konpetans nan lang sa yo:
Arab, Kreyòl, Dari Pasto, Panyòl, Somali, Swahili, Ikrenyen
- Tou te travay anvan nan bay swen sante, sante piblik, sèvis sosyal, edikasyon, antrènman oswa kèk lòt domèn enpòtan
Salè konpetitif ($20.00 pa èdtan) PTO, orè travay fleksib, peman pou avantaj sante ak swen dan, avantaj retrèt, epi opòtinite pou avansman karyè.
CHW Solutions se yon premye patwon pou Travayè Sante Kominotè nan Minnesota. Pou aplike pou pozisyon sa a, ale sou sitwèb https://chwsolutions.bamboohr.com/careers/33?source=aWQ9MTc%3D.